Kondisyon

Kondisyon jeneral pou sèvi ak nou

  1. Si nap peye pou ou:

    Sila kap ban nou achte, nou achte pou ou san ou pa peye anyen pou sèvis acha a.
    Ou peye an goud nan yon to fiks 135 gds pou pri atik ou yo vini an $ sou platfòm etranje wap achte an.
    info

    Mwayen nou plis privilejye pou lanse kòmand ou an pi rapid aprè pèman, se: Natcash, Zell, Cash app osinon likid.

  2. Si wap order:

    Lè wap achte anliy nan adrès nou, ou dwe byen konfigire adrès lan sou account ou. Mete nom ajan ki nan depatman wap resevwa koli a epi ajoute siyati w dèyè.
    Voir une exemple ›
  3. Livrezon :

    Ou resevwa kòmand ou an nan Nippes osinon aux Cayes.

    Nou ramase koli nan adrès nou Miami chak mitan mwa, ki disponib sou 14 jou nan biwo n' aux Cayes.

    Les Cayes Dropshipping pote ti atik jiska heavy box (koli ki lou).

    Détails occasion récente ›
  4. Bagay entèdi :

    Nou pa pote materyèl ladwàn pa aksepte.
    list

    Lis bagay entèdi : Sex-toy, pwodui toksik danjere, materyèl militè, fo lajan, dwòg.

  5. Kontwòl :

    Frè enpòtasyon an se 4,90 $/liv selon pwa e volim; ou resevwa koli an aux Cayes.

    Oswa

    - 3,80 $/liv selon pwa sèlman (opsyon sa se pou biznis ki gen machandiz plis ke 100 liv, men ou rekipere li nan port P-au-P oswa Miragoane - oswa w peye pou fè acheminman nan Sud).

    NB: Koli ki nan kategori elektwonik yo gen frè à part.

  6. Resevwa koli w :

    Tout kòmand ki peze ant 1 a 3 liv koute 20 dola fiks. Wap resevwa yon fakti pou "coût importation" machandiz ou yo.
    Ou peye fakti sa lòske koli an vin jwenn ou.
  7. Achte sou ALIBABA :

    Siw gen machandiz ki entèresew sou ALBB, ou ka pataje link li avèk nou pou edew evalye pri l oswa achte li pou ou. Nou pa fè kòmand inite machandiz ki trè trè volimine (1 CBM).
Poukisa si se pa nou...? sync
Avantaj

Pwen fò Les Cayes Dropshipping, e sa k' fè nou diferan

  • Sekirite e suivi :

    Ou gen aksè dirèk ak whatsapp nou pou suiv koli w.
    Nou voye mesaj baw a chak etap kòmand ou an, osinon w ka suiv disponiblite yo sou sit lan.
  • Acha pro :

    Nap achte sou entènèt depi 2019.
    Nou garanti erè pa janm soti nan nou. Wòl nou se achte e pote sa ou chwazi a.
  • Achte poukò w :

    Ou ka fè tout sa sou sèl platfòm lan: depi nan kreyasyon kat ou an, rechaj, order jiska livrezon.
  • Jere pwoblèm ak transparans :

    Koli yo toujou disponib avan dat ke nou estime sou platfòm lan. Machandiz ou pap pèdi, lajan w an sekirite ak nou.

    info

    Sèvis Les Cayes Dropshipping itilize yonn nan warehouse USA ki pi safe nan America pou resevwa koli w yo.

Tounen nan konsiy yo sync

Egzanp ajou adrès

Nom et prenom*
Nom ajan + nom paw (egz: Thomas Kabe LÒMSEDYE)
Adrès *
14030 NW 5th Pl
Eta, Vil *
Florida, MIAMI
Kòd postal *
33168
info

Gen platfòm ki apsepte kòd postal kout la (33168), gen lòt ki egzije sa konplè a (33168-3920); kite l sou sa platfòm lan aksepte an. Nom ajan depatman Sud sèvis lan se Thomas Kabé. Konfigire kont lan jan n montrew la pou evite pwoblèm, tanpri.

Antrepo Miami

Sa se foto devan antrepo nou resevwa koli w yo Miami

📦 Prèv Livrezon — Okazyon Resan

Depa —
Disponib —
Dire —

Frè fiks elektwonik